Byenvini nan Pòtal Asistans Finasye pou Swen/Gadri pou Timoun nan Depatman Edikasyon ak Swen/Gadri pou Timoun Piti ki nan Massachusetts la
MyChildCareMA se yon pòtal kote fanmi yo ka aplike pou benefis swen/gadri pou timoun atravè MyMassGov.
Ou sou lis datant lan deja? Dosye w la te deplase nan MyChildCareMA. Aksede Pòtal Fanmi an nan kreye oswa oswa konekte sou kont MyMassGov ak imèl ki nan dosye w lan.
Detay yo
Kisa Asistans Finansye pou Swen/Gadri pou Timoun (CCFA) ye?
Asistans Swen/Gadri pou Timoun, yo konnen l tou kòm benefis swen/gadri pou imoun, ede fanmi ki kalifye yo anrejistre epi peye pou swen/gadri pou timoun yo epi/oswa pwogram andeyò lè lekòl yo. Tou depann de dimansyon fanmi w lan epi revni, sa ka kouvri yon pati oswa tout depans swen/gadri pou timoun ou an. Aprann sou benefis swen/gadri pou timoun.
Kòman pou aplike sou entènèt
Tanpri kreye oswa konekte sou kont pèsonèl ou nan MyMassGov pou w ka itilize Pòtal Fanmi an. Pòtal la pèmèt ou pou w aplike pou benefis, verifye estati w, li avi yo, epi telechaje dokiman yo. Si finansman pou swen/gadri pou timoun pa disponib imedyatman, w ap aplike pou w rejwenn lis datant lan.
Ou deja ap resevwa benefis? Ou pa bezwen fè anyen nan moman an. Si w gen kesyon sou kòman pou w jere benefis ou yo, tanpri kontakte Founisè w la oswa ajans CCRR lokal ou a.
Ap aplike pou benefis swen/gadri pou timoun
Jwenn yon revizyon sou pwosesis benefis yo. Si w bezwen èd pou aplike, tanpri rele Mass211 nan (877) 211-6277.
Konplete aplikasyon w lan
Aprè w fin aplike, w ap diskite pwochenn etap yo avèk yon administratè fanmi. Y ap ba w yon entèprèt si w bezwen yonn.
Verifye kalifikasyon w pou lis datant lan
Telechaje dokiman yo pou montre ke w kalifye pou rejwenn lis datant lan. Eske m kalifye pou swen/gadri pou timoun?
Tann finansman
Si w kalifye, ou ka plase sou lis datant lan jiskaske finansman an disponib. Konbyen tan sa ap pran?
Verifye kalifikasyon w pou benefis yo
Lè finansman disponib, n ap revize dokiman w yo ankò pou asire ke w toujou kalifye.
Jwenn benefis swen/gadri pou timoun
Si w kalifye, w ap apwouve pou benefis swen/gadri pou timoun pou 12 mwa.
Jwenn yon founisè swen/gadri pou timoun
Chèche epi anrejistre nan swen/gadri pou timoun ki reponn ak bezwen fanmi w lan
Eske w s on Administratè Aksè Fanmi (FAA)?
Mass211, Founisè Kontra, CCRR yo, epi anplwaye EEC ka itilize Pòtal Administratè MyChildCareMA. Pòtal Administratè a pèmèt FAA yo trete aplikasyon yo epi voye mesaj bay fanmi yo.
Aprann plis sou kòman pou jere Asistans Finansye Swen/Gadri pou Timoun
Bezwen sipò?
Si w ta renmen pale ak yon administratè fanmi sou dosye w la, tanpri rele Mass211 nan (877) 211-6277. Nou la pou sipòte w.